dimanche 4 décembre 2022

Haïti/Nécrologie: Karl Denerville un grand petit bonhomme !


Non, mwen pa ta ka pèmèt mwen fè de mo orevwa sayo a Karlo an franse. Wi mw byen chwazi "oxymore" saa poum di yon gran poutèt dimansyon vizyon l sou mond lan sou Ayiti ak kapasite analiz trankil li ak fason li te jere relasyonl ak moun.

Karlo se te moun toutmoun ak yon gwo santiman apatenans a sosyete a an patikilye a "Casale" kote fanmil yo moun. Li te gen yon fo timidite ki te yon karapas pou pwoteje tèt li... 




"Ti Karlo" yo te rele l konsa tou paske li te piti nan kò ak nan wotè. Se te yon fason tou pou yo te temwaye l yon afeksyon patikilye ke li te retounen bay moun yo nan ekout li nan souri li ak konpreyansyon l. Li te genyen yon gran lespri syantifik tou. Li te genyen yon sans obsèvasyon patikilye ak yon tandans pou l mezire fenomèm yo pou chèche eksplikasyon nan sa yo charye nan yomenm ke ou pa t ka wè fasilman touswit...

Li te yon lespri lib tou. Yon eksploratè filozofi


depi lontan ki pat aksepte ansèyman klasik imanitè yo jan yo te bannoul isit an Ayiti ni  tou jan yo te prezante n filozòf antikite yo lè yo te finn triye yo bannou. Li te deside louvri chan refleksyon l sou tout aspè nan vi a ak filozofi a. Sekonsa li te vinn metrize plizyè metòd analiz tankou materyalis dialektik kote sèten pansè tankou Hegel, Engels, Marks, Trotski, Mao Zedong ak lòt te vinn atire atansyon l ak make lespri l. Se avèk li nan epòk saa mte vizite pifò "Que sais-je ?" ak lòt liv entèdi nou te konn pase anba manto anbachal jan yo di a. Li te gen yon rega trè kritik tou sou rejim Duvalier li te grandi ladann lan...  

Se te yon moun modès ki pat gen pretansyon


konnen tout bagay menmsi li te konn anpil bagay. Li pat janm pozisyonel poul konvenk pèsonn malgre yo ni kont volonte yo. Li pap pèsiste twò lontan nan yon diskisyon menmsi li  gen agiman serye ki te ka mande bonjan refleksyon ak tan pou apwofondi yo...Lap pito vire sa an blag pou l pa fwase entèlokitè a. Li te chwazi konsève amitye anvan tout bagay.

Tankou tout ayisyen li te  viv nan yon "schizophrénie" pèmanan ki trennen dèyèl plizyè kontradiksyon ak yon pèsonalite miltip li te arive jere san twòp konfli avèk antouraj li. Konsa li te pito vinn yon entwovèti ki te eksprime pansel sèlman lè lap anseye nan inivèsite a ak lè lap grate gita chante ak zanmil. Se pa yon aza si yonn nan zanmi li te admire anpil te Manno Charlemagne yon chantè angaje ki te gen pwofondè nan tèks li yo ak yon vokal patikilye ki te pèmèt li kenbe yon wo nivo nan sans estetik li.


Karlo te yon antikonfòmis ki pat agresif. Li te fè chwa viv ak senplisite paske li te deja mezire degre vanite ki genyen nan anpil bagay moun fyè etale nan sosyete yo. Sa fè anpil moun pat konprann poukisa li pat enterese jwi privilèj klas sosyal li te ka bali ni pran wotè nivo konesans li te ka bali sou pifò lòt moun nan sosyete a. Li te respekte moun anpil. Pou li vreman tout moun se moun...

Li te yon pwofesyonèl akonpli ki te chwazi fè rechèch ak yon medsin de mas. Konsa li te panse rann plis sèvis a kominote kote li tap evolye yo. Li te patisipe nan plizyè etid syantifik avèk efikasite san li pat janm chwazi mete tèt li devan pou chante kantamwa jan anpil lan nou renmen fè sa. Se te yon vre "philanthrope" yon otantik ayisyen ki te deside make pasaj li pami nou nan fason pal  avèk kè kontan entelijans epi imilite. 

Tankou anpil nan noumenm inivèsitè ayisyen li fè eksperyans pèfeksyonman l nan peyi etranje. Men mwen konnen yonn lan peyi li pat pote ditou nan kèl tèlman li te wè ak konprann degre aloufal ak awogans li ak pèvèsitel. Li te chwazi poul pat janm retounen ladann ankò...


Li te kwè nan zanmi e te pratike tout ak afeksyon ak menm tolerans lan kelkelanswa diferans ak divèjans li te ka gen ak yo. Depi se zanmi li te konnen nan timoun li ak adolesans li nan Fontamara anpasan pa sa li rankontre sou wout li nan lekòl segondè ak inivèsite rive nan granmoun li kote li te chwazi pase de bon  moman ak yo chak fwa sa te posib. Li te gen yon relasyon patikilye ak diskrè avèk chak manb nan fanmi l yo... 


Saa se te ti Karlo pam lan. Li ka te siprann nou tanzantan men mwen su li pat janm desevwa nou. Nou chak siman fè pwòp eksperyans pannou ak li. Mpap chèche prezante nou yon lòt moun ki pat ekziste men pito yon zanmi frè mwen respekte anpil kap toujou rete nan memwa m ak nan kè m. Jis nan lanmò l lap aprann nou kòman pou n kite sèn lan ak diskresyon san fè twòp bri. Map prezante kondoleyans mwen ankò a Elsie, Régine, Fred, Max, Yolle, Alex ak tout lòt fanmi l ak zanmi l yo ki nan tristès separasyon definitif saa jodia.

 Mwen prete vwa kèk nan zanmi l yo tankou Toto Meran, Richard Montas, Boul Deverson, Jean jean Buteau, Leslie Poulard, Leslie Taluy, Bob Martinez poum di l :  Ou kanmenm ale twò bonè ! 

Bon travèse Karlo !


Crédit: Dunois Erick Cantave

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Sincérité Budgétaire et Politiques Publiques...

  PLATEFORME D'ÉDUCATION FINANCIÈRE  Sincérité Budgétaire et Politiques Publiques : des outils Pour une bonne évaluation de la performan...